Joshua 17:13
Men, lè moun Izrayèl yo vin pi fò, yo pa mete yo deyò nan peyi a, yo sèlman fòse yo fè kòve pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 20:11Si yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou.
Judges 1:28Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò.
Judges 1:33Moun branch fanmi Nèftali yo pa t' mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt anat yo te blije travay pou yo.
2 Samuel 3:1Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.
2 Chronicles 8:8Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.
Philippians 4:13Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.