Joshua 17:4
Yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf yo. Yo di yo konsa: -Seyè a te bay Moyiz lòd pou l' te ban nou yon pòsyon nan tè a, tankou tout moun nan fanmi an. Se konsa, jan Seyè a te bay lòd la, yo ba yo yon pòsyon pou yo tankou tout moun nan fanmi papa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 27:1Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf.
Numbers 27:5Moyiz al pale koze a avèk Seyè a.
Numbers 34:17-Men non moun ki pral fè pataj tè a pou nou: se va Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan,
Joshua 14:1Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.
Galatians 3:28Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.