Joshua 2:10
Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
Numbers 21:21Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo voye mesaje bò kote Siyon, wa peyi Amori a, pou di l' konsa:
Deuteronomy 2:30Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.
Joshua 9:10ak tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt.