Joshua 2:11
Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Deuteronomy 1:28Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
Deuteronomy 20:8Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: -Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouraj pou l' al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouraj lòt yo tou.
Joshua 5:1Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivaj gwo lanmè Mediterane a vin konnen Seyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouraj yo devan pèp Izrayèl la.
Joshua 9:24Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa.
1 Kings 8:60Konsa, tout nasyon sou latè va konnen se Seyè a sèl ki Bondye. Pa gen lòt!