Joshua 21:11
Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:27Jakòb al wè papa l' Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo.
Joshua 15:13Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon).
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
2 Samuel 2:1Apre sa, David mande Seyè a: -Eske se pou m' ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Seyè a reponn li: -Wi. Se pou ou ale! David mande l': -Kote pou m' ale? Seyè a di l': -Lavil Ebwon.
2 Samuel 15:7Apre katran, Absalon di wa David konsa: -Monwa, tanpri! Kite m' ale lavil Ebwon pou m' ka kenbe yon pwomès mwen te fè Seyè a.
Luke 1:39Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a.