bible.software › Joshua › Joshua 22 › Joshua 22:28
Joshua 22:28
Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Seyè a. Se pa t' pou boule ofrann, ni pou touye ankenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sak te pase!
Bib La
In The King James Version
Therefore said we, that it shall be, when they should so say to us or to our generations in time to come, that we may say again, Behold the pattern of the altar of the LORD, which our fathers made, not for burnt offerings, nor for sacrifices; but it is a witness between us and you.
In Context
27Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la koulye a ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Seyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.
29Nou pa janm fè lide leve kont Seyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Seyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l' rete a.
Read all of Joshua 22
Cross References
Exodus 25:40Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
2 Kings 16:10Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.
Ezekiel 43:10Seyè a di m' ankò: -Nonm o! Fè moun pèp Izrayèl yo konnen ki jan Tanp lan pral ye. Fè yo kalkile plan Tanp lan byen. Fè yo wont tout vye bagay derespektan yo te konn fè yo.
This Verse In Other Editions
Study Joshua 22:28