Joshua 3:1
Jozye leve granmaten, epi li menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la yo kite Sitim kote yo te ye a, yo rive devan larivyè Jouden an. Epi yo pase nwit lan la anvan yo janbe lòt bò a.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Twa jou apre sa, chèf yo mache nan tout kan an.
Cross References
Genesis 22:3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
Joshua 2:1Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
Joshua 6:15Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa.
Joshua 8:10Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo.
1 Samuel 17:20Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.
Jeremiah 7:13Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.