The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 7 › Jeremiah 7:13

Jeremiah 7:13

Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.

Bib La

In The King James Version

And now, because ye have done all these works, saith the LORD, and I spake unto you, rising up early and speaking, but ye heard not; and I called you, but ye answered not;

In Context

12Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m' te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m' te fè l' poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a.

14Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.

Read all of Jeremiah 7

Cross References

Nehemiah 9:29Ou te avèti yo, ou te mande yo pou yo obeyi tout lòd ou yo. Men, lògèy vire lòlòj yo, yo refize swiv kòmandman ou yo. Yo fè bagay ki pa dakò ak lòd ou ba yo. Epi se lè yon moun swiv lòd ou yo, li jwenn lavi! Men, yo fè wòklò, yo fè tèt di, yo derefize obeyi ou.

Isaiah 50:2Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.

Isaiah 66:4Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.

Jeremiah 6:10Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.

Jeremiah 11:7Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m' dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m' te di yo!

Jeremiah 13:10Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m' lè m' pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 7:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 7:12Jeremiah 7Jeremiah 7:14 →