Joshua 3:16
Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:3Senk wa sa yo mete tèt yo ansanm, yo reyini nan Fon Sidim lan kote lanmè Sèl la ye a.
Exodus 14:29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.
Numbers 34:3Sou bò sid la, n'a gen dezè Zin ki toupre Edon an pou limit. Fwontyè a va konmanse bò solèy leve nan pwent sid Lanmè Sale a.
Deuteronomy 3:17Sou bò solèy kouche, larivyè Jouden an, depi letan Kinerèt jouk lanmè Sale a, lanmè yo rele Araba a, va sèvi fwontyè ki va desann anba lanmè Sale a jouk nan pye mòn Pisga a bò solèy leve.
Joshua 4:22n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.
Joshua 12:3Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a.