Joshua 4:22
n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.
Bib La
In The King James Version
Then ye shall let your children know, saying, Israel came over this Jordan on dry land.
In Context
Cross References
Exodus 15:19Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.
Joshua 3:17Pandan pèp la t'ap janbe lòt bò san tak dlo pa mouye pye yo, prèt yo te rete kanpe nan mitan larivyè a avèk Bwat Kontra a. Pa t' gen tak dlo kote yo te ye a. Yo rete kanpe la jouk tout pèp la te fin pase nèt.
Psalms 66:6Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!
Isaiah 44:27Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.
Revelation 16:12Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase.