Joshua 3:6
Jozye pale ak prèt yo, li di yo: -Pran Bwat Kontra a, epi pran devan pèp la sou wout la. Prèt yo pran Bwat Kontra a, epi yo pran devan pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 10:33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
Joshua 3:3Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: -Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo.
Micah 2:13Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib soti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Seyè a ki va mache alatèt yo.
Hebrews 6:20Se la Jezi te antre an premye pou louvri chemen an pou nou, li menm ki te tounen yon granprèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.