Micah 2:13
Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib soti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Seyè a ki va mache alatèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:19Zanj Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nwaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo.
Isaiah 42:7W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
Isaiah 45:1Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:
Isaiah 49:24Eske ou ka wete nan men yon vanyan gason bagay li pran nan lagè? Eske ou ka lage prizonye ki anba men gwo chèf?
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
Isaiah 55:4Gade. Mwen te fè l' chèf pou l' te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l' sèvi m' temwen nan mitan yo.