Joshua 4:19
Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.
Cross References
Deuteronomy 11:30Mòn sa yo lòt bò larivyè Jouden, nan direksyon solèy kouche, nan peyi moun Kanaran yo ki rete nan plenn Araba a, anfas Gilga, toupre pye chenn More a.
Joshua 9:6Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: -Nou soti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non!
Joshua 10:43Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.
Joshua 24:11Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou.
1 Samuel 11:14Epi Samyèl di yo: -Leve non. Ann al lavil Gilgal. Lè n'a rive la, n'a fè seremoni pou renmèt li pouvwa a.
2 Kings 2:1Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.