The Bible Software
bible.software › Joshua › Joshua 4 › Joshua 4:9

Joshua 4:9

Apre sa, Jozye pran douz lòt wòch, li mete yo kanpe nan mitan larivyè a, kote prèt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wòch yo la jouk koulye a.

Bib La

In The King James Version

And Joshua set up twelve stones in the midst of Jordan, in the place where the feet of the priests which bare the ark of the covenant stood: and they are there unto this day.

In Context

8Mesye yo fè sa Jozye te ba yo lòd fè a. Jan Seyè a te di Jozye, yo pran douz wòch nan mitan larivyè Jouden an, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pote yo avèk yo lòt bò rivyè a. Yo mete yo kote yo moute tant yo pou pase nwit lan.

10Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.

Read all of Joshua 4

Cross References

Genesis 28:18Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l' zòrye a, li plante l' tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye.

Exodus 28:21Va gen douz pyè ak non branch fanmi pèp Izrayèl yo grave sou yo, yon non sou chak pyè. y'a grave non yo tankou lè òfèv ap grave bag.

Joshua 24:26Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l' kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Seyè a.

1 Samuel 7:12Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou.

2 Samuel 4:3depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a.

2 Chronicles 5:9Si yon moun kanpe sou devan pyès ki apa nèt pou Seyè a, yo ka wè pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tèlman yo te long. Men, ou pa ka wè yo lòt kote ankò. Jouk koulye a poto yo la toujou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joshua 4:9

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joshua 4:8Joshua 4Joshua 4:10 →