Joshua 4:10
Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Seyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l' la. Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Lè yo tout fin pase, prèt yo fè rès travèse a ak Bwat Kontra Seyè a, epi yo pran devan pèp la ankò.
Cross References
Exodus 12:39Avèk pa t' farin yo te pote soti peyi Lejip la, yo fè pen. Pen yo te san ledven, paske yo te prese mete yo deyò nan peyi Lejip la. Yo pa t' menm gen tan fè pwovizyon.
Deuteronomy 31:9Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Joshua 3:16Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.
Joshua 24:11Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou.
Proverbs 27:1Pa fè grandizè pou sa ou pral fè denmen. Ou wè jòdi, ou pa konn denmen.
Isaiah 28:16Se poutèt sa, koulye a, men sa Seyè a di: Gade! Se mwen menm menm k'ap mete yon fondasyon byen fèm, byen solid nan lavil Siyon an. Nan kwen fondasyon an, m'ap mete yon gwo wòch pyè byen chita. Sou li m'ap make: moun ki gen konfyans nan Bondye p'ap janm gen kè sote.