Joshua 6:5
Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:19Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.
Joshua 6:20Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.
Judges 20:37Mesye sa yo kouri soti nan kachèt yo, yo desann sou lavil Gibeya a, yo gaye nan tout lavil la, yo touye dènye moun yo jwenn ladan l'.
1 Samuel 17:20Nan denmen maten, David leve byen bonè, li kite yon gadò pou veye mouton yo pou li, li pran manje a, epi li pati jan Izayi te di l' la. Lè li rive nan kan an, moun pèp Izrayèl yo te fèk soti pou y' al pran pozisyon batay. Yo t'ap rele pou chofe sòlda yo.
2 Chronicles 13:14Lè moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Seyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo.
Isaiah 25:12L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.