2 Chronicles 13:14
Lè moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wè yo te sènen sou devan ak sou dèyè, yo rele mande Seyè a sekou. Prèt yo menm pran kònen twonpèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 10:9Lè nan peyi a, nou pral fè lagè kont lènmi ki vin atake nou, n'a kònen twonpèt yo epi n'a pouse rèl pou bay siyal batay la. Mwen menm Seyè a, Bondye nou an, m'a vin ede nou, m'a sove nou anba men lènmi nou yo.
Judges 20:33Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a.
2 Samuel 10:9Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan ni sou dèyè. Sa l' fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.
2 Chronicles 14:11Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!
2 Chronicles 32:20Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.
Psalms 91:5Ou pa bezwen pè bagay k'ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.