Joshua 7:21
Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè.
Cross References
Genesis 6:2Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.
Genesis 34:27Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.
Deuteronomy 7:25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.
2 Samuel 11:6David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David.
2 Kings 5:20Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': —Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.
Job 31:1Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.