The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 7 › Deuteronomy 7:25

Deuteronomy 7:25

N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.

Bib La

In The King James Version

The graven images of their gods shall ye burn with fire: thou shalt not desire the silver or gold that is on them, nor take it unto thee, lest thou be snared therein: for it is an abomination to the LORD thy God.

In Context

24Seyè a pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pesonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout.

26Konsa tou, pa pran ankenn nan zidòl sa yo pou nou mete anndan lakay nou, pou menm madichon ki sou yo a pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo pou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay ki madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.

Read all of Deuteronomy 7

Cross References

Exodus 32:20Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a.

Leviticus 19:4Pa janm vire do ban mwen pou n' al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Deuteronomy 7:16Se pou nou disparèt tout pèp Seyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.

Deuteronomy 17:1Piga nou janm pran yon bèf, osinon yon kabrit oswa yon mouton ki gen yon enfimite, osinon ki donmaje pou nou ofri bay Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè bagay konsa menm.

Deuteronomy 27:15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!

Joshua 7:21Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 7:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 7:24Deuteronomy 7Deuteronomy 7:26 →