Joshua 9:13
Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade koulye a jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa.
Cross References
Deuteronomy 29:5Pandan karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou chemen pou nou swiv nan dezè a. Rad sou nou pa t' janm chire, sapat nan pye nou pa t' janm fini.
Mark 2:22Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso an po. Si ou fè sa, diven an va pete vye veso yo, epi w'ap pèdi ni diven an ni veso yo. Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.