Joshua 9:14
Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa.
Bib La
In The King James Version
And the men took of their victuals, and asked not counsel at the mouth of the LORD.
In Context
Cross References
Exodus 28:30W'a mete nan plastwon an ourim yo ak toumim yo. Konsa, Arawon va pote yo sou kè l' lè l'ap parèt devan lòtèl Seyè a. Lè l'a kanpe devan lòtèl Seyè a, l'a toujou pote sou kè l' sa li sèvi pou fè pèp Izrayèl la konnen volonte m'.
Judges 1:1Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Seyè a: -Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?
Judges 20:28Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Seyè a: -Eske se pou n' al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon èske se pou n' rete sou sa nou fè a? Seyè a reponn yo: -Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.
1 Samuel 22:10Akimelèk te pale ak Seyè a pou David. Apre sa, li bay David kèk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sòlda Filisti a.
1 Samuel 30:7David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David.
2 Samuel 5:19David pale ak Seyè a, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.