The Bible Software
bible.software › Jude › Jude 1 › Jude 1:11

Jude 1:11

Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.

Bib La

In The King James Version

Woe unto them! for they have gone in the way of Cain, and ran greedily after the error of Balaam for reward, and perished in the gainsaying of Core.

In Context

10Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo.

12Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.

Read all of Jude 1

Cross References

Genesis 4:3Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a.

Numbers 22:1Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan plenn Moab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

Numbers 31:16Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.

Joshua 24:9Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l' vin ban nou madichon.

Isaiah 3:9Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.

Jeremiah 13:27Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Jude 1:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jude 1:10Jude 1Jude 1:12 →