Jude 1:24
Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l' nan tout bèl pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 21:6(021:7) Ou mete benediksyon ou sou li pou tout tan. Ou fè kè l' kontan paske ou la avè l'.
Matthew 5:12Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
Matthew 19:28Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
Luke 9:26Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m' ak tout bèl pouvwa Papa m', nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Romans 8:31Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?
Romans 16:25Ann fè lwanj Bondye! Se li ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans lan dapre bon nouvèl m'ap anonse a, dapre mesaj m'ap preche sou Jezikri a, dapre konesans Bondye ban nou kifè nou wè plan travay li. Se li menm ki gen pouvwa pou fè nou kenbe fèm nan konfyans sa a. Plan travay sa a te kache pandan lontan lontan.