Jude 1:25
Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
Bib La
In The King James Version
To the only wise God our Saviour, be glory and majesty, dominion and power, both now and ever. Amen.
In Context
Cross References
Psalms 72:18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
Psalms 104:24Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Isaiah 12:2Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!
Daniel 4:37Koulye a, mwen menm Nèbikadneza, m'ap fè fèt pou wa ki nan syèl la, m'ap fè lwanj pou li, m'ap di jan li gen pouvwa. Tou sa li fè bon. Li pa fè paspouki pou pesonn. Li konn jan pou l' fè ak moun ki kite lògèy vire tèt yo. L'ap desann kòlèt yo.
John 4:22Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.
Romans 11:33O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: