Judges 1:21
Men, moun branch fanmi Benjamen yo pa t' mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 18:11Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò.
Judges 1:8Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l'. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l'.
Judges 19:10Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.
2 Samuel 5:6Apre sa, wa David pati pou lavil Jerizalèm ansanm ak sòlda li yo, li al atake moun Jebis yo ki te rete nan zòn sa a. Moun Jebis yo te konprann David pa ta ka antre pran lavil la. Yo di l' konsa: -Ou p'ap janm ka rive antre nan lavil nou an. Ata moun je pete ak moun enfim ka gen kont fòs pou mete ou deyò.
1 Chronicles 8:28Chak mesye sa yo te chèf fanmi yo. Yo te rete lavil Jerizalèm.
Psalms 106:34Yo pa t' detwi moun lòt nasyon yo jan Seyè a te mande yo fè a.