Judges 10:16
Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:36Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.
Judges 2:18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.
1 Samuel 12:10Yo rele mande Seyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Seyè a, n' al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Koulye a, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.
2 Chronicles 7:14lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
2 Chronicles 33:15Li wete tout estati zidòl lòt nasyon yo ak gwo estati ki te nan Tanp lan. Li kraze tout lotèl yo te bati sou mòn kote Tanp Seyè a te ye a ak nan lavil Jerizalèm. Li pran tout bagay sa yo, li voye yo jete an deyò lavil la.
Psalms 106:45Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.