Judges 11:29
Lespri Seyè a te sou Jefte. Jefte travèse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a.
30Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m',
Cross References
Numbers 11:25Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.
Judges 6:34Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.
Judges 13:25Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.
1 Samuel 16:13Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.