1 Samuel 16:13
Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l' sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Seyè a desanm sou David. Depi jou sa a, li pa t' janm kite l'. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Lespri Seyè a te kite Sayil, epi Seyè a voye yon move lespri sou li ki t'ap toumante l'.
Cross References
Numbers 11:17M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsablite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò.
Judges 3:10Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
Judges 13:25Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.
1 Samuel 1:19Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande l' la.
1 Samuel 10:6Lespri Bondye a va desann sou ou, w'a pran danse, w'ap bay mesaj ki soti nan Bondye tankou yo. Ou p'ap menm moun lan ankò.
1 Samuel 10:10Lè Sayil rive lavil Gibeya ak domestik li a, yon bann pwofèt vin kontre avè l'. Lespri Bondye a desann sou li epi li pran danse, li pran bay mesaj tankou yo.