Judges 11:35
Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m' tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:34Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.
Leviticus 27:28Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.
Numbers 30:2Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
1 Samuel 14:44Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
2 Samuel 18:33Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l' kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele: -Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!