Judges 16:18
Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 16:5Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan (01.100) pyès lajan.
Psalms 62:9(062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Jeremiah 9:4Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.
Ephesians 5:5Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.