Judges 16:3
Samson rete kouche jouk nan mitan lannwit lan. Lè sa a, li leve, li pran de batan pòtay lavil la, li rache yo ansanm ak tout montan yo ak bwa travès ki te pase dèyè batan yo. Li mete yo sou zepòl li, li pote yo ale sou tèt mòn ki anfas lavil Ebwon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Aprè sa, Samson tonbe damou pou yon fanm ki te rete nan Ravin Sorèk. Fanm lan te rele Dalila.
Cross References
Isaiah 63:1Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.
Acts 2:24Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.