Akdèzapot 2:24
Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 116:16Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.
Isaiah 26:19Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.
Hosea 13:14Mwen p'ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p'ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p'ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.
Luke 24:1Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.
John 10:18Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.
John 12:39Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò: