Judges 17:7
Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.
Cross References
Joshua 19:15Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Judges 12:8Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la.
Ruth 1:1Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t'ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab.
Micah 5:2Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
Matthew 2:5Yo reponn li: Se lavil Betleyèm nan peyi Jide li gen pou l' fèt. Paske, men sa pwofèt la te ekri: