Micah 5:2
Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:19Rachèl mouri, yo antere l' sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou.
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
Exodus 18:25Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Judges 17:7Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.
1 Samuel 8:12L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (01000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo.
1 Samuel 17:12David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.