Judges 18:7
Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Prèt la di yo: -Nou pa bezwen pè. Seyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la.
8Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.
Cross References
Joshua 19:47Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.
Judges 18:29Yo rele l' lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.
1 Kings 1:6Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.
Romans 13:3Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chèf k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chèf? Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo.
Revelation 18:7Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.