Judges 2:20
Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò.
Cross References
Exodus 24:3Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè.
Numbers 32:13Se konsa, Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li fè yo moute desann nan dezè a pandan karantan, jouk dènye moun ki te fè sa ki mal devan Seyè a mouri.
Deuteronomy 32:22Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
Joshua 24:21Pèp la reponn: -Non. Sa p'ap janm rive. Se Seyè a n'ap sèvi!
Judges 3:8Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
2 Samuel 24:1Yon jou, Seyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Seyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida.