2 Samuel 24:1
Yon jou, Seyè a move sou pèp Izrayèl la ankò. Li fè David lakòz malè tonbe sou yo. Seyè a di David al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 45:5Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.
Exodus 7:3Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
Judges 2:14Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
2 Samuel 16:10Wa a di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a: -Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Seyè a ki di l' pou l' ban m' madichon, ki moun ki gen dwa mande l' pouki l'ap fè sa?
1 Kings 22:20Seyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l' al fè yo touye l' lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay.