Judges 2:22
Se konsa m'a wè kote m' ye ak pèp Izrayèl la. M'a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m' mande yo fè a jan zansèt yo te fè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò.
Cross References
Genesis 22:1Apre tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram pou wè sou ki pye li ye avè l'. Bondye rele l' -Abraram! Abraram! Abraram reponn-Men mwen wi!
Deuteronomy 8:2Chonje tout chemen Seyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l' te ka kraze lògèy nou, pou l' te ka sonde nou, pou l' te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te soti pou kenbe kòmandman l' yo.
Deuteronomy 13:3nou pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Seyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Seyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
Judges 3:4Se ak moun sa yo Seyè a t'ap sonde pèp la pou l' te ka konnen si yo te soti pou koute lòd Seyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a.
Job 23:10Men, Bondye konnen tout ti vire tounen mwen. Si li sonde m', l'a wè m' bon tankou bon lò ki pase nan dife.
Proverbs 17:3Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.