Judges 20:34
Dimil (010.000) bon sòlda yo te chwazi nan lame pèp Izrayèl la al kontre ak moun Gibeya yo. Batay la te rèd mare. Men, moun Benjamen yo pa t' ankò konprann batay la tapral vire mal pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 21:13Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
Proverbs 29:6Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.
Ecclesiastes 9:12Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwezo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.
Isaiah 47:11Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.