Proverbs 29:6
Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.
Bib La
In The King James Version
In the transgression of an evil man there is a snare: but the righteous doth sing and rejoice.
In Context
5Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.
7Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa.
Cross References
Job 18:7Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.
Psalms 11:6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Psalms 118:15Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.
Proverbs 5:22Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.
Proverbs 11:5Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo.
Ecclesiastes 9:12Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwezo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.