Judges 20:41
Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 8:20Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap soti nan lavil la moute nan syèl, yo pa t' konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo.
Isaiah 33:14Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?
Luke 21:26Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble.
2 Peter 2:12Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt.
Revelation 18:8Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.