Judges 21:5
Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 27:28Tou sa yon moun mete apa nèt pou Seyè a, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon jaden, li pa ka vann li ni li pa ka reachte l'. Bagay la fèt pou l' rete la, apa nèt pou Seyè a. Pesonn p'ap ka manyen l'.
Judges 21:1Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.
1 Samuel 11:7Li pran de bèf, li koupe yo an moso, epi li voye mesaje pote moso vyann bèf yo nan tout peyi Izrayèl la avèk mesaj sa a: -Tout moun ki va derefize mache dèyè Sayil ak Samyèl nan batay la, n'ap koupe bèf yo an moso tankou bèf sa a. Seyè a voye yon sèl lapè sou pèp la. Yo tout leve avèk menm lide nan tèt yo, yo vin jwenn Sayil.
Jeremiah 48:10Madichon pou moun ki pote neglijans nan fè travay Seyè a! Madichon pou moun ki derefize touye nan lagè a!