Judges 21:1
Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:12Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.
Judges 11:30Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m',
Judges 20:8Tout pèp la kanpe ansanm, epi yo di: -Pesonn nan nou la a pa pral lakay li, kit li rete lavil, kit li rete andeyò.
Judges 21:5Lèfini, yo t'ap mande: -Kilès nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la ki pa t' nan reyinyon nou te fè devan Seyè a? Lè reyinyon an, yo te fè yon gwo sèman pou yo touye tout moun ki pa t' mete pye yo lavil Mispa devan Seyè a.
Judges 21:18Men, nou pa ka pran nan fi nou yo pou nou ba yo pou madanm, paske pèp Izrayèl la te fè sèman pou yo pa fè sa. Yo te di: Madichon pou nenpòt moun ki va pran pitit fi yo bay moun nan fanmi Benjamen an pou madanm.
1 Samuel 14:24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.