Judges 3:9
Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 1:13Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm.
Judges 2:18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.
Judges 4:3Li te gen nèfsan (0900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.
Judges 10:10Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo.
Nehemiah 9:27Se konsa, ou lage yo nan men moun ki pa vle we yo, ki bat yo nan lagè, ki mete pye sou kou yo. Nan tray yo te ye a, yo rele mande ou sekou. Ou rete nan syèl la, ou reponn yo. Ou te gen pitye pou yo, ou voye chèf pou delivre yo anba men moun ki t'ap peze yo.
Psalms 78:34Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.