Judges 3:10
Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri.
Cross References
Numbers 11:25Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.
Numbers 24:2Li leve je l', epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li.
Judges 6:34Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.
Judges 11:32Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'.
Judges 14:6Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
Judges 15:14Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.