Judges 5:14
Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:23Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
Exodus 17:8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
Judges 3:13Eglon pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l', epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo.
Judges 4:5Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.
Judges 4:14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'.