Judges 5:18
Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 35:23Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon.
Judges 4:6Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (010.000) gason avè ou.
Judges 4:14Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (010.000) sòlda dèyè l'.
Acts 20:24Mwen pa pran lavi m' pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Seyè Jezi ban mwen an, pou m' anonse bon nouvèl favè Bondye fè nou an.
Revelation 12:11Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.