Judges 6:13
Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou!
Cross References
Genesis 25:22De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: -Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? li al lapriyè Seyè a.
Numbers 14:14Lè moun pèyi Lejip yo va vin konnen sa ou pral fè pèp la, y'a rakonte l' bay moun ki rete nan peyi Kanaran yo. Yo menm tou, yo deja konnen se ou menm, Seyè, ki kanpe la nan mitan pèp la, se ou menm ki parèt aklè devan je yo, se nwaj ou, Granmèt, ki rete anwo yo. Se ou menm ki t'ap mache devan yo lajounen nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto, lannwit nan yon gwo flanm dife ki te gen fòm yon poto tou.
Deuteronomy 30:17Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo,
2 Chronicles 15:2Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.
Psalms 44:1(044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
Psalms 77:7(077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò?