The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 15 › 2 Chronicles 15:2

2 Chronicles 15:2

Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.

Bib La

In The King James Version

And he went out to meet Asa, and said unto him, Hear ye me, Asa, and all Judah and Benjamin; The LORD is with you, while ye be with him; and if ye seek him, he will be found of you; but if ye forsake him, he will forsake you.

In Context

1Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd.

3Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.

Read all of 2 Chronicles 15

Cross References

Numbers 14:43Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.

Deuteronomy 20:1Lè nou soti pou n' al goumen kont lènmi nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou.

Judges 9:7Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.

1 Samuel 12:14Tansèlman, Seyè a, Bondye nou an, va kanpe avèk nou si nou gen krentif pou li, si nou sèvi l', si nou koute sa li di nou, si nou fè tou sa li mande nou fè, si nou menm ansanm ak wa k'ap gouvènen nou an nou fè volonte li nan tou sa n'ap fè.

1 Kings 11:25Pandan tout rèy wa Salomon, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la. Mete sou mechanste Adad t'ap fè pèp Izrayèl la, Rezon pa t' vle wè pèp Izrayèl la menm. Rezon te vin wa nan peyi Siri.

1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 15:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 15:12 Chronicles 152 Chronicles 15:3 →