Judges 7:20
Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 10:1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Joshua 6:16Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou!
Isaiah 27:13Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.
2 Corinthians 4:7Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
Hebrews 11:4Se paske Abèl te gen konfyans nan Bondye kifè li te ofri bay Bondye yon ofrann bèt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l' pou yon moun ki dwat. Se konsa Bondye te asepte kado li te fè l' la. Se paske li te gen konfyans sa a kifè Abèl ap pale toujou jouk koulye a, atout li mouri.